Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
O.C.A.D.H MAGAZINE
16 mars 2019

Kri ki sòti nan kè

Ayiti se yon peyi ki ta dwe yon meyè kote pou moun ta viv .klima twopikal nou an bel plaj nou yo bon jan kwizin nou yo men elas se ayiti ke men dèv la bon mache konsa sa ta dwe entèrese anpil envestisè vin envesti nan peyi a malerezman vi ak byen moun pa gen okenn enpòtans.tout ayisyen kap travay nan.peyi etranje toujou rèv pou yo retounen vin fè ti rès tan an lakay yo men yo konstate kek nan yo ki eseye nan kek segond yo pèdi ni bisnis yo ke yo te depanse denye dlo nan kò yo pou te te rive pafwa yo nan peyi etranje nèj nan kò yo bil kay bil limyè etc san nou pa pale de gwo atak teworis yo peyi nantal yon moun se la li ta dwe santil pi alez poul viv men ayiti elas nan tout gouvènman nan mond lan ki vle fè peyi toujou kreye kondisyon pou moun envesti se toujou sektè prive ki kreye plis travay epi LEta kreye kondisyon ,asire sekite vi ak byen sitwayen yo.Men poukisa peyim pa ka avanse ? Eske se sou ayiti tout move pwofesi yo ap akonpli ? Eske se entelijans ki manke pou peyim ta devlope?. Peyim chaje ak richès natirel ki pa ko janm explwate gen anpil espesyalis ayisyen kou etranje apre etid ki menm oze di ayiti se rezèv ekonomik mond lan men po dyab richès peyim pran an otaj pa yon ti gwoup moun epi majorite pèp la ap nwaye nan mizè menm siw ta manke bon sans ou pa ka pa konprann gouvenman Ceant ak administrasyon Jovenel la fini ak peyi a moun pa ka achte anyen sak pi rèd la yon chef gang la polis swadizan mete 2 milyon goud disponib pou nenpòt moun ki ede yo jwenn Anel pou grangou mizè fè moun yo ap rele viv Anel aba Jovenel,Jovenel pa konsyan poul wè se yon wont li reprezante pou peyi a m santi m vle redwi kom moun, m santim pa kapab ankò mwen demoralize .Malgre mwen lisansye an dwa mwen se yon anseyan kap travay pou leta, m santim pa kapab tank dola us la ap monte chak jou salè w ap bese m pa gen peyi de rechanj m vle sèvi peyi m map rele anmweyyyyyyy la prezidans,palman an,primati boujwazi salòp la eske nou pa wè nou fin kraze peyi a jenes la mande yon chans .

Maître Ernso. Guillaume,pitit lakolin 

Publicité
Publicité
Commentaires
O.C.A.D.H MAGAZINE
Publicité
Archives
Publicité