Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
O.C.A.D.H MAGAZINE
11 mars 2019

Lakolin douvan douvan net !

Bonjou a tout moun lakolin yo kap viv tou patou sou latè,

Jodia nou vle fè you ti chita tande avek nou,pou mande : eske nap kite lakolin fini a peti fe,san nou pa mete tèt nou ansanm pou nou wè kisa nou ka fè pou li ?Si nan peyi dayiti gen banboch demokratik,konnen byen ke gen gagòt lajan osi .Nap mande tout eli lokal nou yo pran dispozisyon pou nou ka jwenn moso nan gato kap pataje a .Paske,nan zòn aken se nou ki bay plis moun ki vote.Nou gen depite,mè,azek,kazek,tout dwe mete yo ansanm pou travay men dan la men pou bati you lot komin aken .Kote tout moun dwe egal,ego,konn sa yo rele viv ansanm lan,kote ki pa dwe genyen chire pit,zizani antre nou,kote ki dwe genyen you veritab solidarite antre nou.Tout sa ki ka pèmet nou viv kom moun, nou manke yo nan zone nou an : you wout digne de ce nom nan lakolin,elektrisite,you lise polivalan nan rejyon aken an, mete lekol tout timoun ki gen laj pou yal lekol gratis e jiska 16 zan,you bibliotek,you sant de lwazi avek tout you sant espòtif,you mezon pou granmoun nou yo,des twalèt piblik,de l'eau potab,renovasyon plas dam aken an,e mete sou pye des komite de katye poun ka devlope tout seksyon yo .Se kaye chaj sa nou prezante bay tout moun ki vle brige you manda nan premyè sikonskripsyon aken an .Gen lot bagay toujou ki petet pa nan lis sa nou bay la,w gen dwa ajoute lot bagay w trouve endispansab pou rejyon aken an ka vinn bel demen .Mèsi !!!!!!!!!!!!!

Publicité
Publicité
Commentaires
O.C.A.D.H MAGAZINE
Publicité
Archives
Publicité