Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
O.C.A.D.H MAGAZINE
16 mars 2019

Mesaj ak nasyon nou an

Mesaj pou tout nasyon Ayisyen nan pandan nap selebre 215 lane vètyè a. Konpatriyòt Ayisyèn ak Ayisyen ki an Ayiti ak nan dyaspora, Mwen se Edwin D'HAÏTI, yon Konpatriyòt, yon Sitwayen Avize ak Angaje ki salye nou tout e ki pwofite pou lanse a nasyon an mesaj ekzòtasyon sila a yon lòt fwa ankò nan okazyon selebrasyon gwo moman fèt batay vètyè sa a ki reprezante pou nou tout pèp lib sou la tè youn nan pi gwo eritaj ke mond la pat janm konnen. 18 novanm 1803 - 18 novanm 2018, lèm kalkile ta sanble sa fè nou 215 lane depi nap chache konstwi yon nasyon, yon nouvo kontra sosyal, yon peyi bon gre malgre men malerèzman se tout tan chire pit ak divizyon ki toujou pran gwo plas "Linyon ak fè Lafòs la" malgre se yo ki deviz nou. Loske mwen pran ti chèz ba mwen jounen jodia poum reflechi sou ki tèm ak sou ki refleksyon mwen pral pibliye nan gwo jou fèt batay vètyè sa, mezanmi tout jan mwen eseye fè pase fwa sa yon mesaj ki fò ki kapab ranmase e charye tout sa moman enpòtan sa, ki ba nou gwo fyète san limit sa, kòm dabitid mwen ankò tonbe sou lagraba, mwen paka jwenn bon jan enspirasyon pwòp poum pale, paske tout kote mwen eseye koumanse, vire, tounen peyi a sou tout fòm sa pa ka mache. Loske mwen pouse refleksyon m pi lwen finalman lesprim al chita sou konsta sa : Lè n gade tout sila yo ki te batay pou ba nou dat sa a, ki ba nou libète sa a ki tonbe depi avan 1803, pase pran 1803 pou rive a jodia 18 novanm 2018 la, mwen poze tèt mwen kesyon pou ki sa yo te tonbe la menm. Pou kisa yo tonbe? Se kesyon sa a kap fè laviwondede nan lespri mwen e kap vire lòlòj mwen. Lè m gade nan ki eta nou ye kòm pèp, kòm nasyon jodi 18 novanm 2018 sa, kote ke nou pa respekte anyen ki te yon senbòl pou nou kòm pèp, kote ke nou konplote ak ansyen bouro nou yo pou foule anba pye, pwofane, krache, souye, pilonnen, bese fè bezwen sou tout sak reprezante inik senbòl gran FYÈTE erite sa a. Loske nou tout nou mete ansanm nèg anwo, nèg anba, nèg pòv, nèg rich, nèg sòt, nèg lespwi, nèg nwa, nèg wouj elatriye...pou depi 215 zan, nap kraze, nap boule, nap brize, nap ekzile, nap ekzekite, nap disparèt, nap fè lòbèy, nap fè betiz elatriye...mwen retounen mande tèt mwen ankò pou kisa e pou ki rezon tout sila sa yo ke nou rele matyr, ero, zanzèt, jistisye, brav, papa nasyon, papa bon kè, samariten sovè, tout non nou konn ba yo elatriye...pou kisa ak pou ki rezon yo te fè kokenn chènn sakrifis vi yo pou nou la. E mwen pral pi lwen e map mande a nou menm kap viv jounen jodia e ki kanpe doubout toujou, si nou menm tou nou ta tonbe eske nap konnen pou kisa ak pou rezon. E ou menm jounen jodia ki ap okipe zafè pèsonèl ou sèlman ak fanmiw, ki di mwen pa mele, eske se mwen kap ranje Ayiti, zafè peyi pa melem, men si w tonbe menm jan ak lòt yo dim pou kisa ak pou ki rezon wap tonbe la. E ou menm jounen jodia, kap ankouraje tirani, kap atize layèn, kap simaye divizyon, bloke ak mete katye cho, kap fè kout ba, kap jwe plizyè jwèt, kap jwe move lawon nan politik, kap ankouraje rasis, kap ankouraje koripsyon, kidnapin, dilapidasyon, vòl ak tout move zak nou konen yo, si ou rive tonbe jodia tou dim pou kisa ak pou ki rezon wap tonbe la. Banm yon rezon valab wap kite pou listwa ak pou laverite. E byen nan moman ke nap komemore e ke nap selebre 215 lane depi nou di nou se yon pèp lib ak endepandan an, listwa fè rapèl a nou yon lòt fwa e sitou ak konsyans nou chak grenn Ayisyèn ak Ayisyen sou planèt la pou nou rantre nan batay chanje lavi a, pou nou rebat kat la, respekte règ jwèt la pandan nap gade youn lòt nan je fix. Se pou tout rezon sa yo, mwen pran kouraj pa mwen ak 2 bra, mwen pa vle kite sa menm jan ak anpil ki demisyone kòm Moun, kòm Konpatriyòt, pou mwen lanse mesaj #Lapè sila nan okazyon espesyal sa ke nou tout dakò selon fason chak kan wèl pou nou di nou chak ap selebre e fete vètyè fason pa nou. 215 lane se 2 zyèk ak preske yon ka. Nou konnen kote nou te koumanse an 1803 men okenn nan nou paka di ki kote nou ye jounen 18 novanm 2018 la e ni tou nou paka di ki kote nou prale nan lòt 215 zan kap vini la yo. Jodia lè mwen gade vizaj pòtoprens ki tris, lè mwen gade eta tout vil pwovens nou yo ak tout ekosystèm nou an ki fin depafini, kap trepase, kak debwaze, tout tristès mwen se mande nou ki kote sa ap rive e jiski lè nap peze fren an pou nou di #STOP. Lè nou konstate eta frè ak sè nou yo ki pi piti yo ye, ke gwo chabrak nan nou fin pete fyèl nan eksplwataj pou gran mèsi ak esklavaj, nan fè yo soufri grangou ak lamizè, nan fè yo sibi tout kalte ensekitite sou tout fòm gwo lajounen ak tout lanwit; enkyetid mwen se mande nou kote konsyans nou ye, eske se chita nou chita sou li. Li lè li tan pou nou mete a kote tout fòm egoyis nou yo. Li lè li tan pou nou chase tout sa ki anpeche nou viv ansanm. Li lè li tan pou nou kwape tout fòm espri vanjans ak manipilasyon ki anpeche nou fè devlopman ak pwogrè. Li lè li tan pou nou kwape tout move santiman egoyis, rasis ak move zangi ki fè nou kwè nou youn gen plis dwa, gen plis lespri ke yon lòt sou ti bout tè sa ke papa nou Desalin, Christophe, Petion te mouri kite pou nou tout an eritaj. Peyi Dayiti pa peyi nèg nwè sèlman, peyi Dayiti pa peyi ti grimo sèlman, peyi Dayiti se peyi tout nèg nwè, tout ti grimo, tout po wouj, tout po vèt, tout po mawon elayriye...kite goumen pou te sòti nou an esklavaj anba bout fè kolon eksplwatan agranman yo. Jodia se nou Ayisyen ki se pwòp kolon pou peyi a. Jodi a Ayisyen tout plim, tout plimay, se nou ki tounen Napoleon, Rochambeau ak Leclerc ak lòt kolon enperyalis yo sou do pwòp frè ak sè nou yo ki se pitit menm manman nou ak papa nou ki se Ayiti, Boyo, Kiskeya. Li lè li tan pou nou youn gade lòt nan je pou nou di ase! Ou se sèm, mwen se frèm. Peyi a pa pou sèlman sak di yo se pitit Desalin yo. Peyi a pa pou sèlman sak di yo se pitit Christophe yo. Peyi a pa pou sèlman sak di yo se pitit Petion yo. Ayiti se peyi tout pitit ak pitit pitit zanzèt nou yo, tout matyr nou yo, tout endigèn nou yo, tout Grenadye nou yo ki te batay, ke san yo te koule pou yo chaje listwa e kite pou tout pitit ak pitit pitit ki va rantre nan gran fanmi sa a, nan nasyon Ayisyèn sila. 215 zan pa 215 jou, 215 zan pa 215 ti wòch, men 215 zan se plis pase dè milye paj istwa, dè milyè leson istwa ke nou te ekri nan mond sa. Ke 18 novanm ki se dat dènye batay vètyè a, ki se yon istwa enkonparab jamè repete okenn lòt kote, rete toujou yon gwo modèl batay istorik pou tout pèp Lib ak Endepandan sou tè sa a, kel kontinye rete vivan nan memwa chak gren pèp Lib e Sitwayen nan mond lan e pi patikilyèman nan memwa vivan chak grenn Ayisyèn ak Ayisyen alawonbadè. Viv yon Nasyon Lib rekonsilye, Viv yon Ayiti Ini ak tout divèsite li, Viv senbolis batay vètyè a annatandan nou jwenn bon jan dialòg ak tèt ansanm ki pou mennen nou tout bon vre nan vrè chimen devlopman pou tout tan.

Edwin D'HAÏTI Sitwayen Avize ak Angaje.

Publicité
Publicité
Commentaires
O.C.A.D.H MAGAZINE
Publicité
Archives
Publicité